2 Kings 5:14
Naaman ale, li plonje sèt fwa nan larivyè Jouden an, jan pwofèt la te di l' la. Po kò l' tounen tankou po timoun. Li te geri nèt.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Joshua 6:4Sèt prèt va mache devan Bwat Kontra a, avèk sèt kòn belye pou kònen, yonn nan men yo chak. Men, setyèm jou a, n'a mache fè wonn lavil la sèt fwa ansanm ak prèt k'ap kònen kòn belye yo.
2 Kings 4:35Elize leve, li fè yon ti mache nan chanm lan. Lèfini, l' al kouche menm jan an sou ti gason an ankò. Ti gason an estènen sèt fwa, epi li louvri je l'.
2 Chronicles 20:20Nan denmen maten, byen bonè, pèp la leve, li pati pou dezè Tekoa a. Le yo tapral leve lamach, Jozafa pale ak yo, li di konsa: -Nou menm moun peyi Jida ak moun lavil Jerizalèm, koute sa m'ap di nou! Mete konfyans nou nan Seyè a, Bondye nou an! Nou p'ap vole gadjè. Se pou nou kwè sa pwofèt li yo di nou an. N'ap genyen batay la.
Job 33:25Kò li va refè, l'a vin fre tankou lè l' te jenn.
Proverbs 25:11Lè ou bay bon pawòl ki tonbe daplon se tankou yon moso lò byen travay yo plake sou yon moso ajan.
Zechariah 13:1Lè sa a, yon sous dlo va pete pou lave moun fanmi David yo ak moun ki rete lavil Jerizalèm yo pou wete peche yo, pou mete yo nan kondisyon pou yo sèvi Bondye ankò. Se Seyè a menm ki di sa.