The Bible Software
bible.software › 2 Kings › 2 Kings 5 › 2 Kings 5:15

2 Kings 5:15

Lè sa a li tounen bò kote sèvitè Bondye a ansanm ak tout moun ki te avè l' yo. Li kanpe devan l', li di l' konsa: —Koulye a, mwen konnen pa gen Bondye lòt kote sou latè pase nan peyi Izrayèl la. Tanpri, resevwa kado m'ap ba ou la a.

Bib La

In The King James Version

And he returned to the man of God, he and all his company, and came, and stood before him: and he said, Behold, now I know that there is no God in all earth, but in Israel: now therefore, I pray thee, take a blessing of thy servant.

In Context

14Naaman ale, li plonje sèt fwa nan larivyè Jouden an, jan pwofèt la te di l' la. Po kò l' tounen tankou po timoun. Li te geri nèt.

16Men Elize di l': —Mwen pran Seyè vivan m'ap sèvi a pou temwen, mwen p'ap resevwa ankenn kado. Naaman t'ap fòse l' pou l' pran kado a, men Elize derefize.

Read all of 2 Kings 5

Cross References

Joshua 2:9Li di yo: -Mwen konnen Seyè a lage peyi a nan men nou. Mwen rekonèt tout moun pè nou, tout moun nan peyi a pa konn sa pou yo fè devan nou.

Joshua 9:24Yo reponn: -Mèt, nou te fè sa paske nou te vin konnen se tout bon Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, te bay Moyiz, sèvitè l' la, lòd pou li ba yo tout peyi sa a, pou li touye tout pèp ki rete ladan l' pou fè plas pou yo. Konsa, lè nou vin konnen nou t'ap pwoche bò kote nou rete a, nou te pè anpil pou nou pa t' mouri. Se sa ki fè nou te fè sa.

1 Samuel 25:27Koulye a, mèt mwen, men sa mwen pote fè ou kado pou ou bay moun k'ap mache avè ou yo.

1 Kings 18:36Lè lè pou yo fè ofrann apremidi a rive, pwofèt Eli pwoche bò lotèl la, li di: -Seyè, Bondye Abraram, Bondye Izarak ak Bondye Jakòb, fè yo wè jòdi a se ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la. Fè yo rekonèt se sèvitè ou mwen ye. Se ou menm ki ban m' lòd fè tout bagay sa yo.

2 Kings 19:19Koulye a, Seyè, Bondye nou an, tanpri, delivre nou anba men Senakerib, pou tout nasyon ki sou latè ka konnen se ou menm sèl, Seyè, ki Bondye.

Isaiah 44:6Seyè ki wa pèp Izrayèl la, Seyè ki gen tout pouvwa a, li menm k'ap delivre pèp la, men sa li di: -Se mwen menm ki te la anvan tout bagay, Se mwen menm k'ap la apre tout bagay. Pa gen lòt bondye pase mwen menm sèl.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study 2 Kings 5:15

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← 2 Kings 5:142 Kings 52 Kings 5:16 →