2 Kings 6:1
Yon jou, pwofèt yo di Elize konsa: —Gade, kote n'ap viv avè ou la vin twò piti pou nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Joshua 17:14Moun fanmi Jozèf yo di Jozye konsa: -Poukisa se yon sèl pòsyon ou ban nou nan tè a pou rele nou pa nou? Nou anpil wi. Seyè a pa manke beni nou.
1 Samuel 19:20Sayil voye kèk moun al arete l'. Lè yo rive, yo wè yon gwoup pwofèt ki te gen lespri Bondye a nan tèt yo, avèk Samyèl kanpe devan yo tankou chèf yo. Lamenm lespri Bondye a desann nan tèt moun Sayil te voye yo, epi yo pran fè menm bagay ak pwofèt yo.
2 Kings 2:3Men, yon gwoup pwofèt ki te rive lavil Betèl vin kontre Elize, yo di l' konsa: —Ou pa konnen Seyè a pral pran mèt ou a jòdi a? Elize reponn yo: —Mwen konn sa wi. Men nou menm, nou pa bezwen di anyen ankò!
2 Kings 2:7Senkant nan pwofèt Jeriko yo t'ap mache dèyè yo. Eli ak Elize rete bò larivyè Jouden an. Senkant pwofèt yo menm rete yon ti distans lwen yo.
2 Kings 4:1Madanm yonn nan pwofèt yo al jwenn Elize, li di l' konsa: —Mari m' mouri. Ou konnen se yon nonm ki te gen krentif anpil pou Bondye. Koulye a, yon nonm mari m' te dwe lajan vini, li vle pran de pitit gason m' yo pou l' al vann yo tankou esklav pou l' ka antre lajan l' lan.
Job 36:16Ou menm tou, Bondye vle wete ou nan gwo lapenn sa a, pou ou ka rive gen jwisans san moun pa chache ou kont. Te gen yon lè tab ou te chaje ak bon manje.