2 Kings 6:23
Se konsa, wa a fè yon gwo resepsyon pou yo. Yo manje, yo bwè. Lèfini, wa a voye yo ale jwenn mèt yo. Depi lè sa a, sòlda peyi Siri yo sispann anvayi peyi Izrayèl la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 24:17Li di David konsa: -Ou gen rezon. Se mwen ki antò! Ou te aji byen avè m'. Se mwen menm ki te aji mal avè ou.
2 Kings 6:8Wa peyi Siri a t'ap fè lagè ak peyi Izrayèl la. Li reyini chèf li yo, li di yo ki kote li pral moute kan lame a.
2 Chronicles 28:15Lè sa a, yo chwazi kat menm mesye sa yo pou yo reskonsab prizonye yo. Yo pran rad nan bagay sòlda yo te piye yo, yo mete sou moun ki te toutouni yo, yo biye yo, mete sapat nan pye yo, yo ba yo manje, yo ba yo bwè. Yo mete renmèd sou tout kote yo te blese. Yo fè tou sa ki te twò fèb yo moute bourik, yo mennen tout prizonye yo tounen lavil Jeriko, lavil Palmis yo, yo renmèt yo bay fanmi yo. Lèfini, yo tounen tounen yo lavil Samari.
Proverbs 25:21Si lènmi ou grangou, ba li manje. Si li swaf dlo, ba li dlo pou l' bwè.
Luke 6:35Non, nou menm se pou nou renmen lènmi nou yo, fè byen pou yo. Prete san nou pa mete espwa nou sou renmèt. Se konsa n'a resevwa yon gwo rekonpans. Se lè sa a n'a pitit Bondye ki anwo nan syèl la, paske li menm, li bon ni pou engra ni pou mechan.