2 Kings 6:25
Se konsa, yon sèl grangou t'ap bat moun nan lavil la. Lènmi pa t' bay ankenn chans pou moun antre soti. Lè sa a yon tèt bourik te koute katreven pyès ajan, yon demi liv kaka pijon te koute senk pyès ajan.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 41:55Men, yon lè grangou konmanse mete pye nan peyi Lejip la tou. Pèp la menm pran rele nan zòrèy farawon an, y'ap mande manje. Farawon an di moun peyi Lejip yo: -Al jwenn Jozèf. Se li menm ki va di nou sa pou nou fè.
1 Kings 18:2Eli pati pou l' al devan wa Akab. Grangou a te rèd anpil pou moun lavil Samari yo.
2 Kings 7:4Si nou di n'ap antre lavil la, avèk grangou ki gen la a, n'ap mouri. Si nou di n'ap rete isit la, n'ap mouri tou. Pito n' al pran yon chans nan kan lame Siri a. Si yo fè pa nou, n'a viv. Men, si yo touye nou, n'a tou mouri mouri nou.
2 Kings 25:3Sou nevyèm jou katriyèm mwa menm lanne sa a, te gen yon sèl grangou nan lavil la, moun yo pa t' gen anyen pou yo manje ankò.
Jeremiah 14:18Lè m' soti al nan jaden, mwen wè kadav moun yo touye nan lagè. Lè m' antre nan lavil la, mwen wè moun ap mouri grangou! Pwofèt yo menm ansanm ak prèt yo ap mache nan tout peyi a, yo pa konn sa y'ap fè.
Jeremiah 52:6Sou nevyèm jou katriyèm mwa menm lanne sa a, te gen yon sèl grangou nan lavil la, moun yo pa t' gen anyen pou yo manje ankò.