2 Kings 6:31
Wa a pale byen fò, li di: —Se pou Bondye ban m' pi gwo chatiman ki genyen si anvan jounen an fini, yo pa koupe tèt Elize, pitit Safa a!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Ruth 1:17Kote w'a mouri a, se la m'a mouri tou. Epi se la y'a antere m' tou. Mwen mande Seyè a pou l' ban mwen pi gwo madichon ki ka genyen, si se pa lanmò ki pou separe nou.
1 Samuel 14:44Sayil di li: -Se pou Bondye ban m' pi gwo pinisyon ki genyen si mwen pa fè yo touye ou.
2 Samuel 3:9Se pou Seyè a ban m' pi gwo pinisyon ki genyen si mwen pa fè pwomès Bondye te fè David la rive vre.
2 Samuel 19:13n'a pale ak Amasa, n'a di l' pou mwen se fanmi m' li ye. Depi jòdi a, mwen mete l' alatèt lame mwen an nan plas Joab. Si mwen pa kenbe pawòl, se pou Bondye ban m' pi gwo pinisyon ki genyen!
1 Kings 18:17Wè Akab wè Eli, li di l': -Apa ou sa! Se ou menm k'ap rale malè sou pèp Izrayèl la konsa!
1 Kings 22:8Akab reponn: -Gen yon lòt pwofèt ankò ki ta ka fè sa pou nou. Se Miche, pitit gason Jimla a. Men, m' rayi l', paske li pa janm di anyen ki pou bon pou mwen. Li toujou wè malè pou mwen. Jozafa reponn: -Pa di sa, monchè!