2 Kings 6:32
Wa a voye yon mesaje al chache Elize. Lè sa a, Elize te chita lakay li ak kèk chèf fanmi ki t'ap vizite l'. Men, anvan mesaje wa a gen tan rive, Elize di chèf fanmi yo: —Gade, Ansasen an voye yon moun pou touye m'. Men sa n'ap fè. Lè mesaje wa a va rive, fèmen pòt la sou li. Pa kite l' antre. Wa a pye pou pye dèyè l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 14:6Men, lè Akija tande l' bri pye l' ap vini nan papòt la, li di l': -Antre non, madan Jewoboram. Poukisa w'ap fè tèt ou pase pou lòt moun konsa? Tout jan, mwen gen move nouvèl pou ou.
1 Kings 18:13Mèt, yo pa janm rakonte ou sa m' te fè lè Jezabèl t'ap touye pwofèt Seyè yo? Mwen kache san (0100) pwofèt nan de gwòt, senkant nan chak gwòt, mwen ba yo manje, mwen ba yo bwè.
1 Kings 21:13De vakabon vin rive, yo kanpe devan Nabòt, yo akize msye devan tout pèp la. Yo di li derespekte Bondye ansanm ak wa a. Lamenm, yo pran Nabòt, yo mennen l' andeyò limit lavil la, yo kalonnen li wòch jouk li mouri.
2 Kings 5:26Elize di li: —Mwen te la avè ou, nan lespri m', lè nonm lan desann soti sou cha li a pou l' resevwa ou. Men se pa lè sa a pou nou resevwa lajan ak rad ni pou n' achte jaden oliv, jaden rezen, bèf, mouton, kabrit, osinon fanm ak gason pou sèvi nou esklav.
Jeremiah 11:18Seyè a fè m' konnen yo t'ap moute yon konplo sou do mwen. Li fè m' wè jan yo t'ap manniganse sou do m' pou yo pran m'.
Ezekiel 14:1Lè sa a, gen kèk chèf fanmi Izrayèl yo ki te vin kote m' pou m' te fè yo konnen volonte Bondye.