2 Kings 7:16
Menm lè a, pèp la kouri soti al piye kan lame peyi Siri yo. Jan Seyè a te di l' la, yo vann dis liv bon farin frans pou yon pyès ajan, ven liv lòj pou menm pri a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 23:19Bondye pa tankou moun k'ap bay manti. Non! Li pa tankou moun k'ap chanje lide yo pou ti krik ti krak! Depi li pwomèt yon bagay, l'ap fè l'. Depi li pale, fòk sa li di a rive vre!
2 Kings 7:1Elize reponn li: —Koute sa Seyè a voye di ou: Denmen, vè lè sa a, nan pòtay lavil Samari a, moun pral achte dis liv bon farin frans osinon ven liv lòj pou yon grenn pyès ajan.
2 Chronicles 20:25Jozafa ansanm ak lame li a desann al piye tou sa lènmi yo te kite. yo jwenn kantite bèt, pwovizyon, rad ak anpil lòt bagay ki te gen valè. Yo pase twa jou ap ranmase. Men te gen sitelman, yo pa t' ka pran tout pote ale.
Psalms 68:12(068:13-)Wa yo kouri, yo kouri ansanm ak tout lame yo. Moun yo te kite pou veye kay separe tout sa lènmi yo kite dèyè.
Isaiah 33:1Madichon pou lènmi nou yo! Y'ap devalize nou, pesonn pa devalize yo. Y'ap trayi nou, pesonn pa trayi yo. Men tou, lè y'a fin devalize nou, moun va devalize yo tou! Lè y'a fin trayi nou, moun va trayi yo tou!
Isaiah 33:23Tout kòd batiman yo p'ap sèvi yo anyen. Ma yo pèdi fòs, vwal yo pa ka louvri. Y'ap piye tou sa lènmi yo te pote sou batiman yo. Ata moun enfenm pral nan piyay la tou.