2 Kings 7:4
Si nou di n'ap antre lavil la, avèk grangou ki gen la a, n'ap mouri. Si nou di n'ap rete isit la, n'ap mouri tou. Pito n' al pran yon chans nan kan lame Siri a. Si yo fè pa nou, n'a viv. Men, si yo touye nou, n'a tou mouri mouri nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Samuel 14:14Nou tout gen pou mouri. Nou tankou dlo. Depi ou lage dlo atè, ou pa ka ranmase l' ankò. Lè yon moun fin mouri, li mouri nèt. Men, Bondye ta vle pou moun ki te kouri al chache pwoteksyon nan peyi etranje a tounen nan peyi l'.
Esther 4:16-Ou mèt ale. Reyini dènye jwif ki nan lavil Souz; fè yo fè jèn pou mwen. N'a pase twa jou twa nwit san manje san bwè. Mwen menm bò pa m' ansanm ak sèvant mwen yo, nou pral fè jèn tou. Apre sa, m' aval kote wa a, atout lalwa defann sa. Si se pou m' mouri, m'a mouri.
Jeremiah 14:18Lè m' soti al nan jaden, mwen wè kadav moun yo touye nan lagè. Lè m' antre nan lavil la, mwen wè moun ap mouri grangou! Pwofèt yo menm ansanm ak prèt yo ap mache nan tout peyi a, yo pa konn sa y'ap fè.
Jonah 3:9Nou pa janm konnen, Bondye ka chanje lide. L'a règrèt sa li tapral fè a, li p'ap fache sou nou ankò. Konsa, nou p'ap mouri.
Hebrews 9:27Tout moun gen pou mouri yon sèl fwa, apre sa, Bondye gen pou jije yo.