2 Kings 7:5
Se konsa, solèy te fèk kouche lè mesye yo leve, yo pati pou kan lame Siri a. Lè yo rive toupre kan an, yo pa wè pesonn.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 27:26Pesonn p'ap ka pran angajman pou yo ofri Seyè a premye pitit mal yon bèt fè paske li deja pou Seyè a. Kit se premye pitit bèf, kit se premye pitit mouton osinon kabrit, se pou Seyè a yo ye.
Deuteronomy 32:25Nan lari, y'a touye pitit pitit gason yo nan goumen. Moun ki anndan kay va sitèlman pè, kè yo va rete. Jenn gason ak jenn fi va mouri menm jan an tou. Depi timoun nan tete jouk granmoun cheve blan, pesonn p'ap chape.
1 Samuel 30:17Nan denmen, granmaten David atake yo, li goumen ak yo jouk nan aswè. Pesonn pa t' chape, an wetan katsan (0400) jenn gason ki moute kèk chamo epi ki gen tan kouri ale.
Ezekiel 12:12Chèf k'ap gouvènen yo a pral mete pakèt li sou zepòl li nan fènwa, l'ap chape kò l' nan yon twou y'a fè nan miray la pou li. L'ap bouche figi l' pou yo pa rekonèt li, li pa menm wè kote l'ap mete pye l'.