2 Kings 7:6
Seyè a te fè sòlda lame Siri yo tande yon bann bri, ou ta di yon pakèt cha lagè, kavalye sou chwal ak yon gwo lame k'ap mache vini sou yo. Tout sòlda peyi Siri yo te konprann se wa peyi Izrayèl la ki te pran kontak ak wa peyi Et la ansanm ak wa peyi Lejip la pou vin atake yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 14:15Tout moun Filisti ki te nan kan an, nan tout plenn lan, vin pè anpil. Sòlda yo te mete an avangad yo ak tout rès lame a te vin pè tou. Tè a pran tranble, te gen yon gwo kouri nan tout peyi a.
1 Kings 10:29Chak cha lagè achte nan peyi Lejip te koute sisan (0600) pyès ajan, chak chwal te koute sansenkant (0150) pyès ajan. Se menm moun sa yo ki te konn al achte chwal pou revann wa peyi Et yo ak wa peyi Siri yo.
2 Kings 3:22Nan denmen maten, lè yo leve, limyè solèy la t'ap bat sou dlo a. Li bay dlo a yon koulè wouj, moun Moab yo te kwè se san.
2 Chronicles 12:2Paske moun yo te vire do bay Seyè a, Chichak, wa peyi Lejip la, moute vin atake lavil Jerizalèm nan senkyèm lanne rèy wa Woboram,
Psalms 14:5Men tou, yo pral sezi, yo pral tranble paske Bondye la avèk moun ki mache dwat yo.
Isaiah 36:9Ou pa menm gen moun ase pou bat yonn nan pi piti chèf ki sou lòd wa mwen an! Epi, se sou peyi Lejip w'ap konte jwenn cha lagè ak kavalye pou fè lagè!