2 Kings 7:7
Se konsa, solèy te fèk kouche jou sa a lè yo leve yo kouri met deyò. Yo kite tant yo, chwal yo, bourik yo. Yo chape kò yo kite kan an jan l' te ye a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Judges 7:21Yo te kanpe fè wonn kan an, chak moun nan plas yo. Lè sa a tout moun nan kan an pran kouri met deyò, yo t'ap rele byen fò.
1 Kings 20:20Yo chak yo touye moun ki te vin pou goumen ak yo a. Moun peyi Siri yo pran kouri, moun Izrayèl yo menm t'ap kouri dèyè yo. Bennadad menm resi chape kò l' sou chwal ansanm ak kèk lòt kavalye.
Psalms 20:7(020:8) Gen moun ki mete konfyans yo nan machin pou fè lagè. Gen lòt moun, se nan chwal yo yo mete konfyans yo. Men nou menm, se nan pouvwa Seyè a, Bondye nou an, nou mete konfyans nou.
Psalms 48:4(048:5) Men sa ki te pase: Wa yo te mete tèt yo ansanm, yo vin atake an menm tan.
Psalms 68:12(068:13-)Wa yo kouri, yo kouri ansanm ak tout lame yo. Moun yo te kite pou veye kay separe tout sa lènmi yo kite dèyè.
Proverbs 21:1Seyè a dirije lespri yon wa, menm jan li dirije yon kouran dlo nan kannal. Li mennen l' kote li vle.