2 Kings 8:1
Elize te pale ak madanm ki te manman ti gason li te fè tounen vivan sot nan lanmò a, li te di l' pou li pati ansanm ak tout fanmi l' al viv nan yon lòt peyi paske Seyè a te fè konnen talè konsa yon gwo grangou tapral tonbe sou tout peyi a pou sètan.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 26:1Te vin gen yon lòt grangou nan peyi a, pi rèd pase sa ki te tonbe sou peyi a nan tan Abraram lan. Lè sa a, Izarak ale yon kote yo rele Gera kay Abimelèk, wa moun Filisti yo.
Genesis 41:27Sèt vach tout mèg, tout lèd ki vin apre lòt yo, se sèt lanne. Sèt grap ble boule yo, se sèt lanne tou. Sa vle di pral gen sèt lanne grangou.
Genesis 47:4Apre sa, yo di farawon an: -Nou vin pou nou ka rete nan peyi a, paske pa gen manje ankò nan peyi nou pou bèt yo manje. Lèfini, grangou a rèd anpil nan peyi Kanaran. Tanpri, ban nou pèmisyon pou nou rete nan peyi Gochenn lan.
Leviticus 26:26M'ap koupe viv nou. Yon sèl fou ap kont pou dis fanm pare pen pou tout fanmi yo. Y'a kontwole sa y'ap bay chak moun. Lè n'a fin manje, se atò n'a grangou.
Deuteronomy 28:38N'a plante anpil grenn nan jaden nou, men n'a rekòlte yon ti kras, paske krikèt va manje pifò.
2 Samuel 21:1Sou rèy wa David, vin gen yon gwo grangou pandan twazan yonn apre lòt. Lè sa a, David al mande Seyè a sa k'ap pase. Seyè a reponn li: -Se krim Sayil ak fanmi l' yo te fè ki lakòz grangou sa a, paske yo te sasinen moun lavil Gabawon yo.