2 Kings 8:16
Wa Joram, pitit gason Akab la, t'ap mache sou senkan depi li t'ap gouvènen peyi Izrayèl lè Joram, pitit gason Jozafa ki te wa peyi Jida a, moute wa nan plas papa l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
17Li te gen tranndezan lè li moute wa. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan witan.
Cross References
1 Kings 22:50Lè Jozafa mouri, yo antere l' nan Lavil David, zansèt li a. Se pitit li, Joram, ki moute sou fotèy la nan plas li.
2 Kings 1:17Okozyas mouri vre, jan Seyè a te di l' la nan bouch Eli. Okozyas pa t' gen pitit gason. Se Joram, frè li, ki moute sou fotèy la nan plas li. Lè sa a, Joram, pitit gason Jozafa a, t'ap mache sou dezan depi li t'ap gouvènen nan peyi Jida.
2 Kings 8:25Wa Joram, pitit Akab la, t'ap mache sou douzan depi li t'ap gouvènen peyi Izrayèl lè Okozyas, pitit Joram, moute wa sou fotèy peyi Jida a.
2 Chronicles 21:1Jozafa mouri, yo antere l' nan tonm wa yo, nan lavil David la. Se pitit li, Joram, ki moute sou fotèy la nan plas li.