2 Kings 8:5
Gerazi t'ap rakonte wa a kijan Elize te fè pitit gason yon fanm leve soti vivan nan lanmò lè madanm lan vin pale ak wa a pou kay li ak jaden l' yo. Gerazi di wa a: —Monwa, men madanm lan ansanm ak pitit gason Elize te fè leve soti vivan nan lanmò a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Ruth 2:3Se konsa, Rit leve, li al nan jaden yo, li pran mache dèyè travayè yo, li t'ap ranmase tèt lòj yo te kite tonbe atè. Chans pou li, li rive nan yon jaden ki te pou Bòz, fanmi Elimelèk la.
1 Kings 20:1Bennadad, wa peyi Siri a, reyini tout lame li a. Trannde lòt wa, avèk tout chwal yo ak cha lagè yo, vin mete tèt ansanm avè l'. Bennadad mache sou lavil Samari. Li sènen l', li atake l'.
2 Kings 6:12Yonn nan chèf yo reponn: —Pesonn, monwa. Men se Elize, pwofèt ki nan peyi Izrayèl la, k'ap fè wa peyi Izrayèl la konnen tou sa ou di, ata sa ou di anndan chanm ou.
Esther 5:14Lè sa a, Zerès, madanm li, ak tout zanmi l' yo di l' konsa: -Poukisa ou pa fè yo kanpe yon poto swasannkenz pye wotè nan lakou lakay ou? Denmen maten, w'a mande wa a pou yo pann Madoche nan poto a. Apre sa, wa va ale nan fèt la ak kè kontan. Aman wè se te yon bon lide yo te ba li la a. Li fè kanpe yon poto swasannkenz pye wotè nan lakou lakay li.
Psalms 145:1Se yon chante David te ekri pou fè lwanj Bondye. Bondye mwen, wa mwen, m'a fè konnen jan ou gen pouvwa. M'ap di ou mèsi tout tan tout tan.
Ecclesiastes 9:11Yon lòt bagay mwen wè ankò sou latè, se pa toujou moun ki konn kouri ki genyen nan kous, se pa toujou vanyan gason ki genyen nan lagè. Yon moun ki gen konprann pa toujou gen manje pou l' manje, yon moun ki gen lespri pa toujou gen anpil byen. Moun ki gen kapasite pa toujou jwenn gwo pozisyon. Chans ak malchans la pou tout moun.