2 Kings 8:9
Se konsa Azayèl al wè Elize, li pran tout kalite bon bagay li jwenn lavil Damas, li chaje yo sou karant chamo pote bay Elize. Lè li rive devan Elize, li di l' konsa: —Pitit ou, Bennadad, wa peyi Siri a, voye m' vin mande ou si l'ap leve anba maladi l' la.
Bib La
In The King James Version
In Context
10Elize reponn: —Seyè a fè m' konnen l'ap mouri, men ou menm, al di l' l'ap refè.
Cross References
1 Samuel 25:8Ou mèt mande yo, y'a di ou. David voye mande ou pou resevwa mesye pa l' yo byen, paske se yon jou fèt nou rive isit la. Tanpri, mèt! Bay sa ou genyen pou nou k'ap sèvi ou, ak pou David, zanmi ou lan.
1 Kings 19:15Seyè a di li: -Ale non! Pran menm wout ou te pase nan dezè a pou vini isit la, tounen lavil Damas. W'a antre lavil Damas, w'a pran Azayèl, w'a mete l' wa peyi Siri nan non mwen.
2 Kings 5:5Wa Siri a reponn: —Bon, ou pral jwenn wa peyi Izrayèl la, m'ap ba ou yon lèt pou li. Se konsa Naaman pati. Li te pote trantmil (030.000) pyès ajan, simil (06.000) pyès lò ak dis rad nèf fèt ak bon twal fen.
2 Kings 6:21Lè wa peyi Izrayèl la wè sòlda peyi Siri yo, li mande Elize: —Touye yo, papa mwen? Touye yo?
2 Kings 16:7Lè sa a, Akaz voye mesaj bay Tiglat Pilesè, wa peyi Lasiri a, pou di l' konsa: —M'ap sèvi ou tankou pitit ou. Tanpri, vin delivre m' anba men wa peyi Siri a ak wa peyi Izrayèl la ki vin atake m'.
Philemon 1:14Men, m' pa vle fè anyen san konsantman ou. Mwen pa ta renmen sa sanble se fòse m'ap fòse ou rann mwen sèvis. Mwen ta pito wè ou fè l' ou menm, paske ou vle fè li.