2 Kings 9:11
Jeou tounen al jwenn lòt chèf parèy li yo. Yo mande l': —Sa ki genyen? Sa nèg fou sa a te bezwen ou fè? Jeou reponn yo: —Anyen. Nou konnen ki moun pwofèt sa yo ye. Nou konnen sa y'ap mache di!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 5:21Se konsa li pati dèyè Naaman. Lè Naaman wè l' ap kouri vin jwenn li, li prese desann sot sou cha li a, l' al jwenn li, li mande l': —Ki malè ki rive?
2 Kings 9:17Yon faksyonnè ki te nan fò won Jizreyèl la wè Jeou ansanm ak yon bann moun ki t'ap pwoche. Li rele: —Mwen wè yon bann moun k'ap vini wi! Joram bay lòd sa a: —Voye yon kavalye al kontre yo pou l' mande yo si y'ap vin an zanmi!
2 Kings 9:22Joram mande l': —Eske ou vin an zanmi? Jeou reponn: —Ki zanmi w'ap pale la a lè manman ou, Jezabèl, ap donnen pi rèd nan fè maji ak nan sèvi zidòl?
Jeremiah 29:26-Seyè a te fè ou prèt nan plas Jeojada pou veye sa k'ap pase nan tanp lan. Se devwa ou pou ou pran tout moun fou k'ap pran pòz pwofèt yo pou mete yo nan chenn ak yon kolye fè nan kou yo.
Mark 3:21Lè fanmi Jezi yo tande sa, yo soti pou yo vin chache l' paske tout moun t'ap di: -Nonm sa a fou.
Acts 17:18Kèk filozòf ki t'ap swiv prensip patizan Epiki yo ak patizan Zenon yo t'ap pale avèk li. Gen ladan yo ki t'ap di: Kisa paladò sa a vle di la a? Gen lòt moun ki t'ap di: Gen lè l'ap pale sou yon lòt kalite bondye. Yo t'ap di sa paske Pòl t'ap pale yo sou Jezi, li t'ap di yo ki jan mò yo gen pou yo leve vivan ankò.