2 Kings 9:14
Jeou, pitit Jozafa, pitit pitit Nimchi, moute yon konplo kont Joram. Joram te moute lavil Ramòt nan peyi Galarad ak tout moun peyi Izrayèl yo al goumen ak Azayèl, wa peyi Siri.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 16:7Seyè a te bay pwofèt Jeou, pitit gason Anani an, mesaj sa a pou Bacha ak fanmi li poutèt peche Bacha te fè kont Seyè a. Li te fè Seyè a fache sou li non sèlman paske li te fè sa ki mal tankou moun fanmi Jewoboram yo, men tou paske li te touye tout moun nan fanmi Jewoboram lan.
1 Kings 16:16Lè sòlda yo pran nouvèl Zimri te fè konplo sou wa a, li te menm touye l', lapoula yo nonmen Omri, kòmandan lame a, wa peyi Izrayèl.
2 Kings 8:12Azayèl mande l': —Mèt, poukisa w'ap kriye a? Elize reponn: —Paske mwen gen tan konnen tou sa ou pral fè pèp Izrayèl la pase. Ou pral met dife nan gwo fò yo, ou pral touye jenn gason l' yo ak nepe, ou pral kraze pitit yo, ou pral louvri vant fanm ansent yo.
2 Kings 8:29Joram tounen lavil Jizreyèl pou l' te refè anba kou sòlda peyi Siri yo te ba li lavi Ramòt lè li t'ap goumen ak Azayèl, wa peyi Siri a. Okozyas, pitit Joram, wa peyi Jida a, desann lavil Jizreyèl al wè wa Joram, pitit Akab la, paske Joram te malad.
2 Kings 9:31Lè Jeou antre nan pòtay lavil la, Jezabèl di l' konsa: —Ban m' nouvèl ou non, Zimri, ansasen mèt ou!
2 Kings 12:21Se Jozaka, pitit Chimeya, ak Jozabab, pitit Chomè, de chèf ki t'ap sèvi ak wa a, ki touye l'. Yo antere Joas nan lavil David nan kavo fanmi an. Se Amasya, pitit gason li, ki moute wa nan plas li.