The Bible Software
bible.software › 2 Kings › 2 Kings 9 › 2 Kings 9:17

2 Kings 9:17

Yon faksyonnè ki te nan fò won Jizreyèl la wè Jeou ansanm ak yon bann moun ki t'ap pwoche. Li rele: —Mwen wè yon bann moun k'ap vini wi! Joram bay lòd sa a: —Voye yon kavalye al kontre yo pou l' mande yo si y'ap vin an zanmi!

Bib La

In The King James Version

And there stood a watchman on the tower in Jezreel, and he spied the company of Jehu as he came, and said, I see a company. And Joram said, Take an horseman, and send to meet them, and let him say, Is it peace?

In Context

16Apre sa, li moute sou cha lagè li, li pati pou lavil Jizreyèl. Joram te kouche malad toujou. Akazya, wa peyi Jida a, te desann vin wè l'.

18Kavalye a pati al kontre Jeou, li di l': —Wa a bezwen konnen si se an zanmi w'ap vini! Jeou reponn li: —Sa pa gade ou! Pase dèyè do m'. Faksyonnè a bay nouvèl la konsa: —Mesaje a rive bò kote yo, men li pa tounen.

Read all of 2 Kings 9

Cross References

1 Samuel 16:4Samyèl fè tou sa Seyè a te di l' fè a. L' ale lavil Betleyèm. Chèf ki reskonsab lavil yo vin kontre l'. Yo tout te gen kè sote. Yo di l' konsa: -Eske se pou byen nou ou vin isit la?

2 Samuel 13:34Lè sa a Absalon te gen tan kraze rak. Sòlda ki te faksyonnè a wè yon foul moun ki t'ap kouri desann ti pant sou chemen lavil Owonayim lan. li al jwenn wa a, li di l' sa li wè.

1 Kings 2:15Adonija reponn: -Ou konnen se mwen menm ki pou te wa apre papa m'. Lèfini, se sa tout pèp Izrayèl la t'ap tann. Men, sa pase yon lòt jan. Se frè m' lan ki wa koulye a paske se Seyè a ki vle l' konsa.

2 Kings 9:19Yo voye yon dezyèm kavalye. Lè li rive bò kote yo, li di: —Wa a mande ou si se an zanmi w'ap vini. Jeou reponn li: —Sa pa gade ou! Pase dèyè do m'.

Isaiah 21:11Men mesaj Bondye bay pou moun peyi Edon yo: -Yon moun rete peyi Seyi, l'ap rele m'. Li di m': Ey, gad! Kilè li ye? Konbe tan ankò pou nwit lan bout? Konbe tan ankò anvan solèy leve?

Isaiah 62:6Jerizalèm, mwen mete gad ap fè pòs sou miray ou yo. Lajounen kou lannwit, se pou yo pale. Se pou yo fè Seyè a chonje pwomès li te fè ou yo, pou li pa janm bliye ou.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study 2 Kings 9:17

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← 2 Kings 9:162 Kings 92 Kings 9:18 →