2 Kings 9:6
Jeou leve, li antre nan kay la. Lamenm jenn pwofèt la vide lwil oliv la sou tèt Jeou, li di l' konsa: —Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Mwen chwazi ou pou ou wa sou pèp Izrayèl, pèp mwen an.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 10:1Samyèl pran yon ti poban lwil oliv, li vide l' sou tèt Sayil. Apre sa, li bo l', epi li di l': -Seyè a ba ou pouvwa pou gouvènen pèp Izrayèl la ki rele l' pa l'. W'a gouvènen pèp li a, w'a delivre yo anba men tout lènmi ki bò kote l' yo. Men sa k'ap fè ou wè se Seyè a menm ki mete ou apa pou gouvènen pèp ki pou li a.
1 Kings 3:8Men mwen alatèt pèp ou chwazi pou rele ou pa ou la, yon pèp ki sitèlman anpil nou pa ka konte konbe moun ki ladan l'.
1 Kings 14:7Ale di Jewoboram men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la voye di l': Mwen te chwazi ou nan mitan pèp la, mwen mete ou chèf sou pèp mwen an, pèp Izrayèl la.
1 Kings 19:16Apre sa, w'a ale lakay Jeou, pitit gason Nimchi a, w'a mete l' wa peyi Izrayèl nan non mwen. Lèfini, w'a pran Elize, pitit gason Chafat, moun lavil Abèl Meola a, w'a mete l' apa nan non mwen pou l' sèvi pwofèt nan plas ou.
2 Chronicles 22:7Se Bondye ki te fè Okozyas al rann Joram vizit sa a pou l' te ka kraze l'. Rive Okozyas rive, li pati ansanm ak Joram al kontre Jeou, pitit gason Nimchi a, yon moun Bondye te chwazi pou disparèt tout fanmi Akab la.
Psalms 75:6(075:7) Jijman an pa soti bò kote solèy leve a, ni bò kote solèy kouche a. Li pa soti nan nò ni nan sid.