2 Kings 9:7
Ou pral touye tout fanmi Akab, mèt ou a. Se konsa mwen pral peni Jezabèl pou touye li te touye pwofèt mwen yo ak tout lòt sèvitè m' yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 32:43Nou menm nasyon ki sou latè, fè kè nou kontan ak pèp Bondye chwazi a! Paske Seyè a pral tire revanj pou lanmò sèvitè l' yo. L'a bay moun ki pa vle wè l' yo sa yo merite. L'a wete tout vye bagay ki t'ap fèt nan peyi pèp li a.
1 Kings 21:15Resevwa Jezabèl resevwa nouvèl lanmò Nabòt, l' al di Akab: -Leve non. Al pran jaden rezen Nabòt, nonm lavil Jizreyèl la, pou ou, jaden li te refize vann ou an. Nabòt pa nan moun isit ankò, li mouri.
1 Kings 21:25Pa janm gen pesonn mechan tankou Akab. Li te lage kò l' nèt nan fè sa ki mal devan Seyè a. Li te kite madanm li, Jezabèl, pran tèt li.
2 Kings 10:11Se konsa Jeou touye tout rès fanmi Akab ki te lavil Jizreyèl, tout grannèg ki t'ap sèvi avè l' li yo, bon zanmi l' yo ak prèt li yo. Li pa kite yonn ladan yo vivan.
Matthew 23:35Konsa, n'ap reskonsab san tout inonsan ki koule sou latè, depi san Abèl, nonm ki te fè sa ki byen devan Bondye a, jouk san Zakari, pitit Barachi, moun nou te ansasinen ant lòtèl la ak kote ki rezève apa pou Bondye nan tanp lan.
Romans 12:19Mezanmi, pa tire revanj. Men, kite kòlè Bondye fè travay li; paske men sa ki ekri nan Liv la: Se mwen menm sèl ki gen dwa tire rèvanj, se mwen menm sèl ki va bay moun sa yo merite. Se Bondye menm ki di sa.