2 Peter 1:16
Paske, lè m' t'ap fè nou konnen jan Jezikri, Seyè nou an, te vini avèk pouvwa li, se pa t' istwa moun envante nan tèt yo mwen t'ap rakonte nou. Men, se paske mwen menm, mwen te wè Seyè a nan tout pouvwa li ak je pa mwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
15Men, m'ap fè tout posib mwen pou nou pa janm bliye bagay sa yo lè m' fin ale.
Cross References
Malachi 4:5Jou m' lan pral yon gwo jou, yon jou ki pral fè moun tranble. Men, anvan li rive, mwen gen pou m' voye pwofèt Eli.
Matthew 24:3Jezi te chita sou mòn Oliv la. Disip li yo te pou kont yo avèk li. Yo pwoche bò kote l', yo mande li: Manyè di nou kilè sa va rive? Di nou ki siy ki va fè nou konnen lè w'ap vini an, lè tan sa a va fini nèt?
Matthew 28:18Jezi pwoche bò kote yo, li di yo konsa: Mwen resevwa tout pouvwa nan syèl la ak sou tè a.
Luke 9:28Wit jou konsa, apre li te fin di pawòl sa yo, Jezi pran Pyè, Jan ak Jak. Li moute sou yon mòn pou li al lapriyè.
John 17:2Ou te ba l' otorite sou tout moun pou l' te kapab bay tout moun ou ba li yo lavi ki p'ap janm fini an.
1 Corinthians 1:7Se sak fè, nou pa manke anyen nan kado Bondye bay yo, pandan n'ap tann jou lè Jezikri, Seyè nou an, pral parèt la.