2 Samuel 1:15
David rele yonn nan moun li yo. Li di l' konsa: -Vini non! Touye msye. Nonm lan bay moun Amalèk la yon sèl kou, li touye l' frèt.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 22:17Lèfini, li di gad ki te kanpe bò kote l' yo: -Touye prèt Seyè yo. Yo menm tou y'ap fè konplo ak David la. Yo te konnen byen pwòp se sove msye t'ap sove, yo pa di m' anyen. Men gad yo refize leve men yo sou prèt Seyè a pou touye yo.
1 Kings 2:25Se konsa Salomon bay Benaja, pitit gason Jeojada a, lòd pou l' al touye Adonija. Benaja ale, li touye Adonija.
1 Kings 2:46Apre sa, wa a pase Benaja, pitit Jeyoada a, lòd. Benaja soti, l' al touye Chimeyi. Se konsa Chimeyi mouri. Depi lè sa a, Salomon te gen tout pouvwa a nan men l'.
Proverbs 11:18Mechan yo kwè y'ap fè benefis. Men, moun k'ap fè sa ki dwat yo toujou jwenn rekonpans yo.