The Bible Software
bible.software › 2 Samuel › 2 Samuel 1 › 2 Samuel 1:21

2 Samuel 1:21

Nou menm mòn Giboa yo, se pou nou rete san yon grenn lapli, san yon degout lawouze. Piga jaden janm pouse sou flan mòn nou yo! Paske se la yo trennen nan labou plak fè pwotèj sòlda yo, plak fè pwotèj wa Sayil la ki p'ap janm fwote ak lwil ankò.

Bib La

In The King James Version

Ye mountains of Gilboa, let there be no dew, neither let there be rain, upon you, nor fields of offerings: for there the shield of the mighty is vilely cast away, the shield of Saul, as though he had not been anointed with oil.

In Context

20Pa kite nouvèl la rive nan lavil Gad. Pa gaye nouvèl la nan lavil Askalon, pou medam peyi Filisti yo pa fè fèt, pou pitit fi moun sa yo ki pa sèvi Bondye pèp Izrayèl la pa leve danse.

22Jonatan pa t' janm fè bak toutotan li pa tranpe flèch li yo nan san lènmi l' yo. Sayil pa t' janm tounen toutotan li pa t' plonje nepe l' nan vant vanyan sòlda lènmi l' yo.

Read all of 2 Samuel 1

Cross References

1 Samuel 10:1Samyèl pran yon ti poban lwil oliv, li vide l' sou tèt Sayil. Apre sa, li bo l', epi li di l': -Seyè a ba ou pouvwa pou gouvènen pèp Izrayèl la ki rele l' pa l'. W'a gouvènen pèp li a, w'a delivre yo anba men tout lènmi ki bò kote l' yo. Men sa k'ap fè ou wè se Seyè a menm ki mete ou apa pou gouvènen pèp ki pou li a.

1 Samuel 31:8Nan denmen apre batay la, moun Filisti yo tounen pou pran zam ki te sou kadav sòlda mouri yo, yo jwenn kadav Sayil ak kadav twa pitit gason l' yo kouche atè sou mòn Gilboa a.

1 Chronicles 10:8Nan denmen apre batay la, moun Filisti yo tounen pou pran zam ki te sou kadav sòlda mouri yo, yo jwenn kadav Sayil ak kadav twa pitit gason l' yo kouche atè sou mòn Gilboa a.

Isaiah 5:6M'ap fè l' tounen yon jaden yo piye. Yo p'ap netwaye branch li yo, yo p'ap sekle l' ankò. Zèb pikan ak raje ap fin anvayi l'. Mwen p'ap kite lapli tonbe sou li.

Jeremiah 20:14Madichon pou jou mwen te fèt la! Ankenn benediksyon pou jou manman m' te fè m' lan!

Joel 1:9Pa gen grenn jaden, ni diven pou fè ofrann nan tanp Seyè a. Prèt yo, sèvitè Seyè a, nan lapenn.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study 2 Samuel 1:21

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← 2 Samuel 1:202 Samuel 12 Samuel 1:22 →