2 Samuel 10:11
Joab di Abichayi konsa: -Si ou wè moun Aram yo soti pou yo bat mwen, w'a vin ede m'. Konsa tou, si mwen wè moun Amon yo vle pi fò pase ou, m'a vin ede ou.
Bib La
In The King James Version
In Context
10Lèfini, li mete Abichayi, frè l' la, alatèt rès lame a, li fè yo pran pozisyon devan moun Amon yo.
Cross References
Nehemiah 4:20Depi nou tande klewon an bay siyal la, n'a kouri vin sanble bò kote m'. Bondye nou an va goumen pou nou.
Romans 15:1Nou menm ki fò nan konfyans nou nan Bondye, se pou nou ede sa ki fèb yo pote feblès yo. Nou pa dwe ap chache sa ki fè nou plezi sèlman.
Philippians 1:27Sèl bagay ki konsekan se pou nou viv yon jan ki konfòm ak bon nouvèl Kris la. Konsa, mwen ta mèt rive vin wè nou, mwen ta mèt pa kapab, se pou m' tande jan n'ap kenbe fèm, jan n'ap viv ansanm yonn ak lòt. Se pou m' tande jan n'ap mennen batay la ansanm pou defann konfyans bon nouvèl la fè nou gen nan Bondye.