2 Samuel 11:25
David di mesaje a: -Ankouraje Joab. Di li li pa bezwen kite sa fatige l' twòp. Se toujou konsa lè y'ap fè lagè. Ou pa janm konnen kilès ki pral mouri. Di li pare pou li fè yon gwo atak sou lavil la pou li pran l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
26Lè Batcheba vin pran nouvèl mari l' te mouri, li pran lapenn pou li.
Cross References
Joshua 7:8Tanpri, Mèt mwen! Kisa m' ka di koulye a lè m' wè moun Izrayèl yo ap kouri devan lènmi l' yo?
1 Samuel 6:9N'a rete ap gade l' ale. Si nou wè l' pran chemen moute lavil Bèt-Chemèch, n'a konnen se Bondye pèp Izrayèl la ki te voye tout malè sa yo sou nou. Men si li pran yon lòt wout, lè sa a n'a konnen malè sa yo pa t' soti nan li. Se te devenn pa nou.
Ecclesiastes 9:1Mwen kalkile anpil sou bagay sa yo. Mwen repase bagay sa yo byen repase nan tèt mwen. Mwen wè se Bondye k'ap dirije lavi tout moun, ni moun ki gen bon konprann, ni moun ki mache dwat yo. Li kontwole tou sa y'ap fè, kit yo renmen, kit yo rayi. Pesonn pa konn anyen sou sa k'ap tann yo pi devan.