2 Samuel 11:27
Lè seremoni lantèman yo fini, David voye chache l', li pran l' lakay li. Batcheba vin madanm li. Li fè yon pitit gason pou David. Men, sa David te fè a pa t' fè Seyè a plezi menm.
Bib La
In The King James Version
In Context
26Lè Batcheba vin pran nouvèl mari l' te mouri, li pran lapenn pou li.
Cross References
Genesis 38:10Sa l' t'ap fè a pa t' fè Seyè a plezi. Se konsa Seyè a fè l' mouri tou.
2 Samuel 3:2Men sis pitit gason David vin fè antan li te lavil Ebwon: Pi gran an te rele Amon. Se Akenoam, moun lavil Jizreyèl, ki te manman l'.
2 Samuel 12:9Poukisa atò ou pa swiv lòd mwen yo? Poukisa ou fè mechanste sa a? Ou fè yo touye Ouri nan lagè, ou kite moun Amon yo touye l'. Lèfini, ou pran madanm li!
1 Kings 21:20Lè Akab wè Eli, li di l' konsa: -Enben, lènmi mwen, ou jwenn mwen jòdi a! Eli reponn, li di l': -Wè! Mwen jwenn ou paske se renk move bagay w'ap plede fè devan Seyè a.
Psalms 5:6(05:7) Ou detwi tout moun k'ap bay manti. Ou pa ka sipòte moun k'ap touye moun, ni moun k'ap twonpe moun.
Proverbs 6:29Konsa tou, se yon gwo danje pou ou kouri dèyè fanm yon lòt gason. Depi ou manyen yon fanm konsa, ou gen pou ou peye pou sa.