2 Samuel 12:14
Sèlman, ak sa ou fè la a, ou moutre jan ou ka derespekte Seyè a. Se poutèt sa pitit ou fèk genyen an ap mouri.
Bib La
In The King James Version
In Context
15Apre sa, Natan al lakay li. Seyè a fè pitit madan Ouri te fè pou David la vin malad grav.
Cross References
Nehemiah 5:9Mwen di yo ankò: -Sa n'ap fè la a pa bon, tande! Se pou n' mache avèk krentif pou Bondye, pou nou pa bay moun lòt nasyon yo, lènmi nou yo, okazyon pase nou nan betiz.
Psalms 89:31(089:32) si yo pa swiv prensip mwen ba yo, si yo pa fè tout sa mwen mande yo fè,
Psalms 99:8Seyè, Bondye nou, ou te reponn yo lè yo te lapriyè ou! Ou te moutre yo se yon Bondye ki konn padonnen ou ye. Men, ou te pini yo pou sa yo fè ki mal.
Isaiah 52:5Koulye a, sa pou m' fè la a? Se Seyè a menm k'ap di sa. Yo pran pèp mwen an, yo depòte yo pou anyen. Moun k'ap kraze yo a ap pale fò, y'ap fè grandizè. Se Seyè a menm ki di sa. Epi tout lajounen, san rete y'ap trennen non m' nan labou.
Amos 3:2Nan tout pèp ki sou latè, se nou menm sèl mwen te chwazi, se nou menm ase mwen te okipe. Se poutèt sa, m'ap pini nou pou tout peche nou fè yo.
Romans 2:24Se sa menm ki te ekri: Se nou menm jwif yo ki lakòz moun lòt nasyon yo ap plede pale Bondye mal konsa.