2 Samuel 12:16
David tonbe lapriyè Seyè a pou ti gason an. Li derefize mete anyen nan bouch li. Chak swa, li antre nan chanm li, li pase nwit lan kouche atè.
Bib La
In The King James Version
In Context
15Apre sa, Natan al lakay li. Seyè a fè pitit madan Ouri te fè pou David la vin malad grav.
Cross References
2 Samuel 12:22David reponn yo: -Wi, mwen t'ap kriye, mwen te rete san manje lè pitit la te vivan toujou. Mwen te kwè Seyè a ta gen pitye pou mwen, li pa ta kite pitit la mouri.
1 Kings 21:27Lè Eli fin pale, Akab pran lapenn, li chire rad sou li, li mete yon rad sak, li rete san manje. Ata dòmi li dòmi ak rad sak la sou li. Li t'ap mache kagou.
Job 20:12Lè l' t'ap fè sa ki mal sa te sitèlman gou nan bouch li, li te kenbe ti gout anba lang li.
Psalms 69:10(069:11) Mwen nan gwo lapenn, mwen rete san manje. Se poutèt sa wi y'ap joure m' konsa.
Isaiah 26:16Seyè, lè pèp la te nan tray, se ou menm yo te vin jwenn. Lè ou t'ap pini yo, yo te gen kè sere, se nan pye ou yo t'ap lapriyè.
Joel 2:12Seyè a pale, li di: -Menm koulye a, tounen vin jwenn mwen ak tout kè nou! Fè jèn, kriye kont kò nou, plenn sò nou!