2 Samuel 13:37
Absalon menm kraze rak, li al kay Talmayi, pitit gason Amiyoud la, ki te wa lavil Gechou a. David menm te nan gwo lapenn pandan kèk jou pou lanmò Amnon.
Bib La
In The King James Version
In Context
38Absalon rete pase twazan lavil Gechou kote li te kouri al kache a.
Cross References
2 Samuel 3:3Dezyèm lan te rele Kileyab. Se Abigayel, vèv Nabal la, moun lavil Kamèl, ki te manman l'. Twazyèm lan te rele Absalon. Se Maka, pitit fi Talmayi, wa lavil Gechou a, ki te manman l'.
2 Samuel 14:13Fanm lan di l' konsa: -Poukisa ou fè move lide sa a sou pèp Bondye a? Ou pa vle kite pwòp pitit gason ou lan tounen nan peyi a. Jan ou sot pale a, ou kondannen pwòp tèt ou.
2 Samuel 14:32Absalon reponn li: -Paske ou pa t' vle vini lè mwen te voye chache ou la. Mwen te bezwen ou ale bò kote wa a pou mwen pou ou mande l' sa m' te bezwen kite lavil Gechou a vin isit la fè. Pito m' te rete laba a. Koulye a, mwen ta renmen ou jwenn yon jan pou m' parèt devan wa a. Si m' antò, li mèt touye m'!
1 Chronicles 3:2Twazyèm lan te rele Absalon. Se Maka, pitit fi Talmayi, wa lavil Gechou a, ki te manman l'. Katriyèm lan te rele Adonija. Se Agit ki te manman l'.