2 Samuel 14:11
Fanm lan di ankò: -Tanpri, monwa! Lapriyè Seyè a, Bondye ou la, pou moun nan fanmi an ki reskonsab pou tire revanj lanmò pitit gason m' lan pa fè plis dega toujou, pou l' pa touye lòt pitit gason ki rete m' lan. David reponn li: -Mwen fè sèman nan non Seyè ki vivan an, mwen p'ap kite yo manyen yon grenn cheve nan tèt pitit gason ou lan!
Bib La
In The King James Version
In Context
12Lè sa a, fanm lan di ankò: -Tanpri, monwa! Kite m' di ou yon dènye pawòl. Wa a reponn li: -Pale non.
Cross References
Genesis 14:22Abram reponn wa Sodòm lan, li di l'. Mwen fè sèman devan Seyè a, Bondye ki anwo nan syèl la, li menm ki fè syèl la ak latè a,
Genesis 31:50Laban pale ankò, li di: -Si ou maltrete pitit fi mwen yo, si ou pran lòt fanm ankò sou yo, konnen ou p'ap annafè ak yon moun tankou nou tande. Atansyon, men se ak Bondye menm, ki temwen sa nou sot fè a, w'ap annafè.
Numbers 35:21oswa ankò, paske li pa vle wè l' li bat li ak koutpwen pou l' touye l', epi li touye l' vre, li gen pou l' mouri tou. Se yon ansasen li ye. Moun ki fanmi pi pre moun li touye a va reskonsab pou touye l' tou, nenpòt lè li bare avè l'.
Deuteronomy 19:4Men nan ki sikonstans yon moun ka kouri al kache nan yonn nan lavil sa yo pou sove lavi l': Se lè yon moun touye yon frè parèy li san li pa fè espre, san li pa janm gen anyen avè l'.
1 Samuel 14:45Men pèp la di Sayil konsa: -Se Jonatan ki te genyen bèl batay sa a pou pèp Izrayèl la, li pa ka mouri. Mande Bondye padon! Nou fè sèman devan Seyè ki vivan an, nou p'ap kite yon grenn cheve nan tèt li tonbe, paske se avèk lasistans Bondye li fè sa l' fè jòdi a. Se konsa moun yo enpoze yo touye Jonatan. Li pa mouri.
1 Samuel 28:10Sayil pran non Bondye fè sèman, li di: -Devan Seyè ki vivan an, mwen fè sèman yo p'ap fè ou anyen pou zafè sa a.