2 Samuel 14:16
Mwen t'ap di wa a ka koute m', li ka delivre m' anba men moun ki soti pou yo touye pitit gason m' lan ansanm avè m', anba men moun ki soti pou wete moso tè ki vin pou nou nan peyi Bondye bay pèp li a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 26:19Koulye a, monwa, tanpri koute sa m'ap di ou. Si se Seyè a ki moute tèt ou kont mwen, al fè yon ofrann ba li pou li ka chanje lide l'. Men, si se moun k'ap fè ou fè sa, se pou madichon Seyè a tonbe sou yo! Koulye a, yo mete m' deyò nan peyi a pou m' pèdi pòsyon pa m' nan tè Seyè a te bay pèp li a, yo voye m' al sèvi lòt bondye.
Proverbs 16:10Lè yon wa pale, se tankou si se te Bondye ki pale. Lè l'ap jije, li p'ap janm rann move jijman.