2 Samuel 14:19
Wa a mande l': -Eske Joab pa nan plan sa a avè ou? Fanm lan reponn li: -Menm jan ou vivan an, monwa, pa gen anyen ki pi sèten pase sa ou di la a. Wi, monwa. Se Joab, chèf lame ou la, ki di m' tou sa pou m' fè ak tou sa pou m' di.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 4:15W'a pale avè l', w'a di l' sa pou l' di. m'a ede nou tou de lè n'a gen pou nou pale. m'a di nou sa pou nou fè.
Deuteronomy 5:32Veye kò nou pou nou viv jan Seyè a, Bondye nou an, te mande nou viv la. Pa vire ni adwat ni agoch.
Joshua 1:7Wi. Sèl bagay mwen mande ou, se mete gason sou ou, pa janm dekouraje. Veye kò ou pou ou mache dapre tout lòd Moyiz, sèvitè m' lan, te ba ou yo. Pa janm neglije anyen nan sa li te di ou, pou zafè ou ka mache byen kote ou pase.
1 Samuel 17:55Lè Sayil wè David t'ap mache al kontre ak sòlda Filisti a, li mande Abnè, kòmandan lame li a: -Abnè, pitit ki moun jenn gason sa a ye? Abnè reponn li: -Monwa, mwen fè sèman, menm jan ou vivan an, mwen pa konnen l'.
1 Samuel 25:26Se Seyè a menm ki anpeche ou mete san deyò pou pran revanj ou. Koulye a, mwen fè sèman devan Seyè a ak devan ou menm, mèt mwen, se pou tout lènmi ou yo, tout moun ki ta vle fè ou mal, fini tankou Nabal.
2 Samuel 3:29Se pou chatiman an tonbe sou tèt Joab ak tout fanmi li! Se pou toujou gen nan fanmi li moun k'ap gen ekoulman osinon move maladi po, gason k'ap blije fè travay fanm, gason k'ap mouri nan lagè, gason k'ap nan grangou.