2 Samuel 15:14
Se konsa David rele moun pa l' yo ki te avè l' lavil Jerizalèm, li di yo: -Se pou n' prese mete deyò si nou vle chape anba men Absalon. Ann fè vit kite lavil la. Si se pa sa, talè l'ap sou nou. L'ap fè nou pase pa nou, l'ap touye dènye moun nan lavil la.
Bib La
In The King James Version
In Context
13Yon mesaje vin di David: -Moun peyi Izrayèl yo ap mache avèk Absalon, yo dakò avè l'.
15Patizan wa yo reponn: -Wi, monwa. Nenpòt kisa ou vle nou fè, n'ap fè l'.
Cross References
2 Samuel 12:11Men sa mwen menm Seyè a, mwen di: M'ap fè yon moun nan fanmi ou menm soti pou ba ou traka. M'ap wete madanm ou yo nan men ou, m'ap bay yon moun nan fanmi ou yo. L'a kouche avèk yo devan tout moun.
2 Samuel 19:10Nou te fè /seremoni pou mete Absalon wa peyi a. Men li mouri nan lagè. Sa ki kenbe nou koulye a pou nou fè wa David tounen ankò?
Psalms 3:1(03:1) David t'ap kouri pou Absalon, pitit li, lè li ekri sòm sa a. (03:2) Seyè, ala anpil lènmi m' yo anpil! Ala anpil moun k'ap leve dèyè m' yo anpil!
Psalms 55:3(055:4) Mwen boulvèse lè m' tande lènmi m' yo ap pale, lè m' tande mechan yo ap pale byen fò. Yo fè malè tonbe sou mwen. Yo move sou mwen, y'ap pèsekite m'.
Psalms 137:5Si nou bliye ou, Jerizalèm. se pou nou bliye ki jan pou nou sèvi ak men dwat nou tou.
Matthew 11:12Depi sou tan Jan Batis jouk jòdi a, Peyi Wa ki nan syèl la anba gwo goumen. Se moun ki konn goumen k'ap antre ladan l'.