2 Samuel 15:18
Tout chèf li yo te kanpe bò kote l'. Yo kite tout gad pèsonèl wa a, ki vle di sòlda keretyen yo ak sòlda peletyen yo pase devan. Te gen sisan (0600) sòlda moun lavil Gat ki te kite peyi yo vin jwenn David lavil Jerizalèm. Yo vin ap pase devan li tou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 27:4Lè Sayil vin tande David te kouri al kache lavil Gat, li sispann mache chache l' pou mete men sou li.
2 Samuel 6:10Se konsa li pran desizyon pou l' pa pote Bwat Kontra Seyè a lakay li nan Lavil David la. Li fè yo pote l' kay Obèdedon, yon moun lavil Gat.
2 Samuel 15:19Wa a rele Itayi, chèf moun lavil Gat yo, li di l' konsa: -Poukisa ou prale ak nou tou? Tounen non, monchè. Rete ak lòt wa a. Ou pa moun peyi a. Se kouri ou kouri vin kache isit la.
2 Samuel 20:7Se konsa sòlda Joab yo, keretyen yo ak peletyen yo ak tout lòt vanyan sòlda ki te nan lame wa a kite lavil Jerizalèm ak Abichayi, yo pati dèyè Cheba.
1 Kings 1:38Zadòk, prèt la, Natan, pwofèt la, ak Benaja, pitit Jeojada a, ansanm ak keretyen yo ak peletyen yo ale, yo fè Salomon moute sou milèt wa David la, yo mennen l' bò sous Giyon an.