bible.software › 2 Samuel › 2 Samuel 15 › 2 Samuel 15:19
2 Samuel 15:19
Wa a rele Itayi, chèf moun lavil Gat yo, li di l' konsa: -Poukisa ou prale ak nou tou? Tounen non, monchè. Rete ak lòt wa a. Ou pa moun peyi a. Se kouri ou kouri vin kache isit la.
Bib La
In The King James Version
Then said the king to Ittai the Gittite, Wherefore goest thou also with us? return to thy place, and abide with the king: for thou art a stranger, and also an exile.
In Context
18Tout chèf li yo te kanpe bò kote l'. Yo kite tout gad pèsonèl wa a, ki vle di sòlda keretyen yo ak sòlda peletyen yo pase devan. Te gen sisan (0600) sòlda moun lavil Gat ki te kite peyi yo vin jwenn David lavil Jerizalèm. Yo vin ap pase devan li tou.
20Ou pa gen lontan depi ou rive. Poukisa jòdi a pou m' fè ou ap mache nan bwa tankou vakabon ansanm avèk nou? Mwen pa menm konnen kote mwen prale. Tounen tounen ou ansanm ak tout moun menm peyi avè ou yo. Mwen mande Seyè a pou l' aji byen avè ou, pou l' pa janm lage ou!
Read all of 2 Samuel 15
Cross References
Ruth 1:11Men, Naomi reponn yo: -Pitit mwen, pito nou tounen! Poukisa nou vle ale avè m'? Nou kwè mwen ka fè pitit gason ankò pou marye ak nou?
2 Samuel 18:2Lèfini, li separe lame a an twa pòsyon, yon pòsyon sou lòd Joab, yon pòsyon sou lòd Abichayi, frè Joab la, yon pòsyon sou lòd Itayi, moun lavil Gat. Apre sa, wa a di yo: -Mwen prale avè nou tou.
This Verse In Other Editions
Study 2 Samuel 15:19