2 Samuel 15:24
Zadòk, prèt la, te la tou ansanm ak tout moun fanmi Levi yo ki t'ap pote Bwat Kontra Seyè a. Yo depoze Bwat Kontra a atè. Yo pa leve l' jouk tout rès moun yo fin soti kite lavil la. Abyata, prèt la, te la tou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 4:15Lè lè a va rive pou pèp la leve lamach, lè Arawon ak pitit gason l' yo va fin kouvri tout mèb ki nan kote ki apa nèt pou Seyè a, ansanm ak tout bagay ki mache ak yo a, se lè sa a gason moun Keyat yo va vin pran mèb yo pou pote yo. Moun Keyat yo pa gen dwa manyen bagay yo mete apa nèt pou Seyè a. Si yo fè sa, y'ap mouri. Se tout reskonsablite moun Keyat yo sa, lè y'ap deplase Tant Randevou a.
Joshua 3:3Yo t'ap bay pèp la lòd sa pou yo fè. Yo t'ap di yo: -Lè n'a wè prèt yo ak moun Levi yo leve Bwat Kontra Seyè a, Bondye nou an, pou yo pati, n'a fè pakèt nou pou nou ka swiv yo.
Joshua 3:15Se te sezon rekòt, rivyè a t'ap desann, li te gonfle moute sou tout rivaj la. Lè prèt ki t'ap pote Bwat Kontra a rive bò larivyè Jouden an, yo mete pye yo nan dlo a.
Joshua 6:4Sèt prèt va mache devan Bwat Kontra a, avèk sèt kòn belye pou kònen, yonn nan men yo chak. Men, setyèm jou a, n'a mache fè wonn lavil la sèt fwa ansanm ak prèt k'ap kònen kòn belye yo.
1 Samuel 4:3Lè sa a, sa ki te chape yo tounen nan kan yo a, tout chèf ki te reskonsab pèp Izrayèl la di: -Poukisa Seyè a kite moun Filisti yo bat nou konsa jòdi a? Ann al pran Bwat Kontra Seyè a ki lavil Silo pou li ka nan mitan nou. Konsa l'a delivre nou anba men lènmi nou yo.
1 Samuel 22:20Sèl Abyata, yonn nan pitit gason Akimelèk yo, te resi chape kò l'. Li kouri l' al jwenn David.