2 Samuel 17:10
Lè sa a, menm sòlda ki pi vanyan yo, sa ki tankou lyon, ki pa pè anyen yo, pral pèdi kouraj, paske tout moun peyi Izrayèl yo konnen jan papa ou se sòlda ki konn goumen, jan moun pa l' yo se brave danje.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 49:9Jida, se yon jenn ti lyon. Lè ou fin fè ravaj, pitit mwen, ou tounen tounen ou. Ou kwoupi, ou kache kò ou tankou yon jenn ti lyon, tankou yon fenmèl lyon. Ki moun ki ka deranje ou?
Numbers 24:8Bondye te mennen yo soti kite peyi Lejip. Li te goumen pou yo tankou yon towo mawon. L'ap manje tout nasyon ki pa vle wè yo. L'ap kraze tout zo yo an miyèt moso. L'ap pèse yo pak an pak ak flèch li yo.
Joshua 2:9Li di yo: -Mwen konnen Seyè a lage peyi a nan men nou. Mwen rekonèt tout moun pè nou, tout moun nan peyi a pa konn sa pou yo fè devan nou.
1 Samuel 18:17Yon lè Sayil di David konsa: -Men Merab, premye pitit fi mwen an. M'ap ba ou l' pou madanm. Sèl bagay se pou fè m' wè se yon vanyan gason ki pa pè batay ou ye, se pou ou goumen tout kote Seyè a va voye ou al goumen pou li! Sayil t'ap di nan kè l': Konsa, se moun Filisti yo ki pral touye David, mwen p'ap bezwen fè l' mwen menm.
2 Samuel 23:20Benaja, pitit gason Jeojada a, moun lavil Kabseyèl, te pitit pitit yon vanyan sòlda. Li te fè anpil bagay ki fè wè li pa t' manke kouraj. Se li menm ki te touye de pitit Ariyèl yo, moun lavil Moab. Yon jou, lanèj t'ap tonbe, li desann nan yon sitèn dlo pou li touye yon lyon.
Song of Solomon 3:7Gade! Se yon kabann divan y'ap pote pou Salomon. Gen swasant sòlda k'ap eskòte l', swasant nan pi vanyan sòlda peyi Izrayèl la.