2 Samuel 17:11
Men konsèy mwen menm m'ap bay: Fè sanble dènye gason nan tout peyi Izrayèl la, depi lavil Dann jouk lavil Bècheba, pou yo tankou grenn sab bò lanmè. Lèfini, ou menm w'a mache alatèt yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 13:16Mapral ba ou anpil pitit pitit. Si yon moun ka konte tout grenn pousyè ki sou latè, la rive konte pitit pitit ou yo tou.
Joshua 11:4Tout wa yo vini avèk tout sòlda yo. Sa te fè yon gwo lame sòlda pesonn pa t' ka konte, ou ta di grenn sab bò lanmè, avèk yon kantite chwal ak cha lagè.
2 Samuel 3:10Paske li te fè sèman l'ap wete baton kòmandman an nan fanmi Sayil la pou l' mete David wa sou moun Izrayèl yo ak sou moun Jida yo, soti depi teritwa Dann lan rive teritwa Becheba a.
2 Samuel 24:2Wa a pale ak Joab, kòmandman an chèf lame a, ki te la avè l', li di l' konsa: -Ale nan tout branch fanmi Izrayèl yo, depi lavil Dann nan nò jouk lavil Bètcheba nan sid. Konte mezi moun ki nan pèp la. Mwen vle konnen konbe moun ki gen nan peyi a.
1 Kings 20:10Bennadab voye yo tounen al di Akab: -M'ap vini ak anpil moun pou m' kraze lavil Samari. p'ap gen ase demoli pou m' bay chak moun ki avè m' yo ti kras pou yo pote ale sitèlman y'ap anpil. Si m' pa fè sa, se pou bondye yo ban m' pi gwo pinisyon ki genyen
Psalms 9:16(09:17) Seyè a fè yo konnen ki moun li ye, li jije yo san patipri. Sa mechan yo fè a tounen kont yo.