2 Samuel 17:23
Lè Achitofèl wè yo pa t' soti pou swiv konsèy li te bay la, li sele bourik li, li tounen lakay li nan peyi l'. Lè li fin regle tout zafè l', li pann tèt li. Se konsa li mouri. Apre sa, yo antere l' nan kavo papa l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 31:4Li rele gad ki t'ap pote zam li yo, li di l' konsa: -Rale nepe ou, touye m' pou bann moun sa yo ki pa sèvi Bondye pa gen tan rive sou mwen pou se yo ki touye m', lèfini pou yo pase m' nan betiz. Men gad kò a pa t' vle paske li te pè anpil. Lè sa a, Sayil pran nepe a, li vire l' tèt anba, li lage kò l' sou li.
2 Samuel 15:31Lè David vin konnen Achitofèl te pran pozisyon ak Absalon nan konplo a, li lapriyè, li di: -Tanpri, Seyè! Fè konsèy Achitofèl yo pase pou pawòl moun fou!
2 Kings 20:1Vè menm epòk sa a, Ezekyas tonbe malad, li te prèt pou l' mouri. Pwofèt Ezayi, pitit Amòz la, vin wè li, li di l' konsa: —Men sa Seyè a voye di ou: Ou mèt mete lòd nan zafè ou paske ou pral mouri. Pa gen rechap pou ou.
Psalms 5:10(05:11) Se mechan yo ye. Kondannen yo, Bondye. Gate tout plan yo te fè. Pou valè peche yo fè, wete yo devan jè ou. paske se kenbe y'ap kenbe tèt ak ou.
Psalms 109:20Se konsa pou Seyè a pini moun ki pa vle wè m' yo, moun k'ap pale m' mal yo.
Proverbs 19:3Se sotiz yon nonm ki fini avè l'. Apre sa, li konprann pou l' fache sou Bondye.