2 Samuel 17:27
Lè David rive lavil Manayim, gen twa moun ki vin jwenn li. Se te Choni, pitit gason Nach, moun lavil Raba, kapital peyi Amon an, Maki, pitit gason Amyèl, moun lavil Lodeba, ak Bazilayi, moun lavil Wogelim nan peyi Galarad.
Bib La
In The King James Version
In Context
26Absalon ak moun peyi Izrayèl yo moute tant yo nan peyi Galarad.
Cross References
1 Samuel 11:1Yon mwa konsa apre bagay sa yo fin pase, Nakach, moun peyi Amon, moute al atake lavil Jabès nan peyi Galarad. Li sènen lavil la. Mesye lavil Jabès yo di Nakach konsa: -Ann siyen yon kontra. N'ap asepte ou pou chèf.
2 Samuel 10:1Kèk tan apre sa, Nakach, wa lavil Amon an, mouri. Se pitit li, Anoun, ki moute wa nan plas li.
2 Samuel 12:29Se konsa, David sanble tout lame a, li mache sou lavil Raba. Li atake l', li pran l'.
2 Samuel 19:32Bazilayi te yon vye granmoun, li te gen katrevenzan. Li te rich anpil. Se li menm ki te bay wa a tout pwovizyon li te bezwen lè wa a te lavil Manayim.
1 Kings 2:7W'a aji byen ak pitit gason Bazilayi yo, moun lavil Galarad la. y'a manje sou tab avè ou, paske yo te aji byen avè m' lè mwen t'ap kouri pou Absalon, frè ou la.