2 Samuel 18:24
David menm te chita ant pòtay deyò a ak pòtay anndan an. Yon faksyonnè te moute sou teras anwo miray la, li te kanpe sou tèt pòtay la. Li leve je l', li wè yon nonm ki t'ap kouri vini.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 4:13Eli menm te chita sou chèz li a bò wout la ap veye paske kè l' pa t' poze pou Bwat Kontra Bondye a. Nonm lan lage nouvèl la nan tout lavil la. Tout moun t'ap pouse rèl tèlman yo te pè.
2 Samuel 18:4W'a reponn yo: -Bon! M'ap fè sa nou wè ki pi bon an. Apre sa, li al kanpe bò pòtay lavil la, pandan lame a t'ap soti, divizyon apre divizyon, rejiman apre rejiman.
2 Kings 9:17Yon faksyonnè ki te nan fò won Jizreyèl la wè Jeou ansanm ak yon bann moun ki t'ap pwoche. Li rele: —Mwen wè yon bann moun k'ap vini wi! Joram bay lòd sa a: —Voye yon kavalye al kontre yo pou l' mande yo si y'ap vin an zanmi!
Isaiah 21:11Men mesaj Bondye bay pou moun peyi Edon yo: -Yon moun rete peyi Seyi, l'ap rele m'. Li di m': Ey, gad! Kilè li ye? Konbe tan ankò pou nwit lan bout? Konbe tan ankò anvan solèy leve?