2 Samuel 18:31
Apre sa, nonm peyi Letiopi a vin rive. Li di wa a: -Monwa, mwen gen bon nouvèl pou ou! Jòdi a, Seyè a rann ou jistis. Li wete ou anba men tout moun ki te leve dèyè ou yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
30Wa a di l': -Bon. Kanpe bò la a. Tann mwen. Akimaz mete kò l' sou kote, li rete ap tann.
Cross References
Deuteronomy 32:35Se Seyè a k'ap tire revanj sou yo, se li k'ap fè yo peye sa yo fè a, lè lè a va rive pou yo tonbe. Jou pou yo detwi yo a pa lwen. Sa ki pare pou yo a fin rive.
2 Samuel 18:28Akimaz pwoche, li di wa a bonjou. Lèfini, li tonbe ajenou devan wa a, li bese tèt li jouk atè, li di: -Monwa, lwanj pou Seyè a, Bondye ou la, paske li lage tout moun ki te leve dèyè ou yo nan men ou!
2 Samuel 22:49Ou sove m' anba men lènmi m' yo. Ou wete m' anba men moun ki t'ap konbat mwen yo. Ou delivre m' anba ansasen yo.
Psalms 94:1Seyè, ou menm Bondye ki gen dwa tire revanj lan, parèt non pou fè yo wè ki moun ou ye.
Luke 18:7Bon! Eske Bondye pa ta regle zafè pitit li yo, moun li menm li chwazi yo, lè y'ap rele nan pye l' lajounen kou lannwit? Eske l'ap pran anpil tan pou l' ede yo?