2 Samuel 21:16
Yon potorik gason bèl wotè yo te rele Ichbibenòb, moun laras Arafa yo, fè lide pou l' touye David. Li te gen yon frenn an kwiv ki te peze sèt liv edmi konsa ak yon nepe tou nèf mare nan ren li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 14:5Lanne apre sa, ki pou ta fè yo katòzan nan pozisyon sa a, Kedòlaòmè ansanm ak twa wa ki te mete tèt ansanm ak li yo vin rive. Yo bat refayim yo nan lavil Astawòt-Kanayim, yo bat zouzim yo nan lavil Am, yo bat emim yo nan laplenn Chave-Kiryatayim.
Deuteronomy 1:28Kote nou prale koulye a? Moun nou te voye yo dekouraje nou. Yo di nou moun ki nan peyi sa a pi fò pase nou, yo pi bèl wotè pase nou. Lavil yo gran anpil ak gwo ranpa byen wo ki rive jouk nan syèl la. Nou te menm wè kèk moun ras Anak yo la tou.
Deuteronomy 2:11Tout lòt moun te rele yo refayim, menm non ak moun Anak yo. Men, se moun Moab yo ki te rele yo emen.
Deuteronomy 3:11(Og, wa Bazan an, se te dènye moun nan ras refayim yo ki te vivan. Sèkèy li te fèt an fè, li te gen kat mèt edmi longè sou de mèt lajè. Yo ka wè l' jouk koulye a nan lavil yo rele Raba moun Amon yo.)
Joshua 11:22Pa t' gen yon moun Anak ankò nan peyi Izrayèl la, esepte lavil Gaza, lavil Gat ak lavil Asdòd.
1 Samuel 17:7Bwa gwo frenn ki te nan men l' lan te menm gwosè ak yon gwo manch pilon. Pwent frenn lan te fèt an fè. Li te peze vin liv konsa. Te gen yon sòlda ki t'ap mache devan l' avèk plak pwotèj li a.