2 Samuel 22:17
Seyè a rete nan syèl la, li lonje men l', li pran m'. Li rale m' soti nan mitan gwo dlo yo.
Bib La
In The King James Version
He sent from above, he took me; he drew me out of many waters;
In Context
18Li delivre m' anba gwo lènmi m' yo, anba tout moun sa yo ki te rayi m', epi ki te pi fò pase m'.
Cross References
Exodus 2:10Lè ti gason an vin gran ti bway, li mennen l' bay fi farawon an ki adopte l' pou pitit li. Lè sa a, fi farawon an di: -Se nan dlo mwen wete l'. Se konsa, li rele l' Moyiz.
Psalms 32:6Se konsa, moun k'ap sèvi ou ak tout kè yo gen pou lapriyè ou lè yo nan tray. Si yo nan gwo dlo, anyen p'ap rive yo.
Psalms 93:3Larivyè yo desann, Seyè, larivyè yo ap fè bri. Larivyè yo desann, y'ap fè gwo bri.
Psalms 130:1Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Nan mizè mwen ye a, Seyè, m'ap rele nan pye ou.
Isaiah 43:2Lè n'ap pase sou lanmè, m'ap kanpe la avèk nou. Lè n'ap janbe gwo dlo, dlo a p'ap bwote nou ale. Lè n'ap mache nan mitan dife, dife p'ap boule nou. Flanm dife a p'ap fè nou anyen.
Revelation 17:15Zanj lan di m' ankò: Ou te wè jennès la chita nan mitan anpil gwo dlo. Dlo sa yo se pèp, se foul moun, yon bann nasyon ki pale tout lang.