2 Samuel 23:20
Benaja, pitit gason Jeojada a, moun lavil Kabseyèl, te pitit pitit yon vanyan sòlda. Li te fè anpil bagay ki fè wè li pa t' manke kouraj. Se li menm ki te touye de pitit Ariyèl yo, moun lavil Moab. Yon jou, lanèj t'ap tonbe, li desann nan yon sitèn dlo pou li touye yon lyon.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 15:15Ata chèf peyi Edon yo te pè anpil. Vanyan gason peyi Moab yo pran tranble. Tout moun nan peyi Kanaran pèdi kouraj.
Judges 14:5Se konsa Samson desann lavil Timna ansanm ak papa l' ak manman l'. Lè yo rive nan jaden rezen ki toupre lavil Timna a, li wè yon jenn lyon ki t'ap gwonde ki t'ap vanse sou li.
2 Samuel 1:23Sayil ak Jonatan, yonn te renmen lòt! Toujou ansanm nan lavi, ansanm ansanm tou nan lanmò! Pi veyatif pase malfini, pi vanyan pase lyon.
2 Samuel 20:23Joab te kòmandan tout lame pèp Izrayèl la. Benaja, pitit Jeyojada, te kòmandan keretyen yo ak peletyen yo, gad pèsonèl wa a.
1 Kings 1:26Men, monwa, li pa envite ni mwen, ni Zadòk, prèt la, ni Benaja, pitit Jeojada a, ni Salomon, pitit gason ou lan.
1 Kings 2:29Y' al di Salomon men Joab kouri al kache nan Tant Randevou a, li kanpe bò lotèl la. Salomon voye Benaja, pitit Jeojada a, pou touye Joab.