2 Samuel 24:17
David wè zanj lan ki t'ap touye moun yo, li pale ak Seyè a, li di l' konsa: -Se mwen menm ki koupab. Se mwen menm ki fè sa ki mal la. Kisa inonsan sa yo fè? Tanpri, se mwen menm ansanm ak fanmi mwen pou ou ta pini!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 44:33Se poutèt sa, mèt, tanpri, kite ti bway la ale avèk frè l' yo, kite m' pran plas li. Gade m' pou esklav ou.
Numbers 16:22Men Moyiz ak Arawon tonbe fas atè, yo di: -O Bondye, ou menm ki bay tout moun lavi, se pa paske yon sèl moun fè sa l' pa t' dwe fè kifè pou ou fache sou tout pèp la.
2 Samuel 24:10Lè David fin fè konte konbe moun ki gen nan peyi a, konsyans li konmanse repwoche l'. Li di Seyè a: -Lè m' fè sa m' fè a, mwen fè yon gwo peche. Tanpri, Seyè, padonnen m', se sèvitè ou mwen ye. Mwen te aji tankou moun fou.
1 Chronicles 21:16David voye je l', li wè zanj Seyè a kanpe nan lè a, san pye l' pa touche tè, bra l' lonje sou lavil Jerizalèm ak yon nepe nan men l'. Lè sa a, David ak chèf fanmi yo, rad sak yo sou yo, bese tèt yo jouk atè.
Job 42:6Se konsa, mwen wete tou sa mwen te di. Mwen kouche sou sann ak nan pousyè, m'ap mande padon.
Psalms 44:11(044:12) Ou lage nou tankou mouton y'ap mennen labatwa. Ou gaye nou nan mitan tout lòt peyi yo.