2 Samuel 24:20
Araounak t'ap gade, li wè wa a ki t'ap vin sou li ansanm ak chèf li yo. Li tonbe ajenou devan wa a, li bese tèt li jouk atè.
Bib La
In The King James Version
In Context
19David koute sa Gad te di l' la, li moute lakay Araounak jan Seyè a te ba li lòd la.
Cross References
Genesis 18:2Abraram leve je l', li rete konsa li wè twa mesye kanpe devan li toupre pyebwa yo. Wè li wè yo, li leve nan papòt la, li kouri al jwenn yo, li bese tèt li jouk atè pou l' di yo bonjou.
2 Samuel 1:2Sou twazyèm jou a, yon nonm rive soti nan kan Sayil la. Rad sou li te chire, li te gen pousyè sou tèt li pou fè wè jan li te nan gwo lapenn. Lè li rive bò kote David, li lage kò l' atè, li bese tèt li byen ba devan li.
1 Chronicles 21:20Onan menm t'ap bat ble ansanm ak kat pitit gason l' yo ki te la avè l' sou glasi a. Lè yo wè zanj lan, pitit li yo kouri al kache.