2 Samuel 24:25
Lèfini, li bati yon lotèl pou Seyè a, li fè ofrann pou boule nèt pou Bondye ak ofrann pou di Bondye mèsi. Seyè a tande lapriyè yo pou peyi a. Epidemi an sispann nan peyi Izrayèl la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 12:7Abram fè yon vizyon, li wè Seyè a ki di l'. Men peyi m'ap bay pitit pitit ou yo a. Se la Abram bati yon lotèl pou Seyè a ki te parèt devan li nan vizyon an.
Numbers 17:13Depi yon moun pwoche bò Tant Randevou a, li mouri. Si se konsa, nou tout ap mouri!
Judges 21:4Nan denmen, moun yo leve byen bonè, yo bati yon lotèl. Yo boule bèt nan dife nèt sou li, yo fè ofrann pou mande Bondye padon.
1 Samuel 7:17Apre sa, li tounen lakay li lavil Rama kote li te konn regle zafè pou pèp Izrayèl la tou. Li te bati yon lotèl pou Seyè a lavil Rama.
2 Samuel 24:14David reponn: -Mwen nan gwo tèt chaje! Men, m' pa vle tonbe anba men lèzòm menm! Pito se Seyè a menm ki pini m', paske li gen bon kè.
Lamentations 3:32Li ka fè nou lapenn, men l'ap gen pitye pou nou paske li renmen nou anpil.