2 Samuel 6:5
David ansanm ak tout moun pèp Izrayèl yo menm t'ap danse ak tout nanm yo. Yo t'ap chante fè lwanj Seyè a. Yo t'ap jwe gita ak bandjo. Yo t'ap bat tanbou, tanbouren ak senbal.
Bib La
In The King James Version
In Context
4kote yo te mete Bwat Kontra Bondye a. Akiyo t'ap mache devan kabwa a.
Cross References
1 Samuel 16:16Mèt, annik pase yon lòd, epi nou menm ki la avè ou, n'a chache yon moun ki konn jwe gita. Konsa, chak fwa move lespri a va vin sou ou, moun lan va jwe pou ou, epi w'a santi yon soulajman.
2 Kings 3:15Koulye a, al chache yon mizisyen pou mwen. Pandan mizisyen an t'ap jwe mizik, pouvwa Seyè a desann sou Elize.
1 Chronicles 15:10Nan branch fanmi Ouzyèl la te gen Aminadad, chèf la, ak tout fanmi l' yo. Sa te fè antou sandouz (0112).
Psalms 47:5(047:6) Bondye ap mache moute, tout pèp la ap rele, y'ap kònen klewon sitèlman yo kontan.
Psalms 150:3Lwanj pou li ak twonpèt! Lwanj pou li ak gita ak bandjo!
Daniel 3:7Se konsa, tande moun yo tande twonpèt la ak tout lòt enstriman yo, yo tonbe ajenou devan estati lò wa Nèbikadneza te fè fè a, yo adore l'. Te gen moun tout nasyon ki soti nan tout ras, epi ki pale tout kalite lang.